Capital Bank SA / Actualités & Conseils Pratiques / Capital Bank Online / Voye transfè Western Union ou sou Capital Bank Online

Voye transfè Western Union ou sou Capital Bank Online

Femme souriant en manipulant sa tablette cet elle envoi ses transferts Western Union à partir de Capital Bank Online

Voye lajan vin pi fasil avèk Capital Bank Online. Ou ka voye transfè Western Union ou nenpòt kote ou ye, 24/7. San w pa deplase, ak kèk klik, kòb la transfere epi li disponib touswuit pou benefisyè a, kit li an Ayiti kit li aletranje, an goud oswa an dola. Swiv gid sa a pou aprann kijan pou voye transfè yo fasil.

Kèk bagay pou konnen anvan w voye yon transfè Western Union

Rasanble tout enfòmasyon yo anvan ou ranpli fòm la

Pran tan w pou byen verifye tout enfòmasyon ou antre nan fòm la. Bank lan pap responsab pou kèlkeswa erè ou ta fè.

Etap 1: Konekte w sou Capital Bank Online

Capture d'écran montrant les étapes pour l'envoi d'un transfert Western Union à partir de Capital Bank Online
  • Pou kòmanse, konekte w sou pwofil ou sou Capital Bank Online. Nan meni prensipal la anwo paj la, chwazi Western Union, epi klike sou Envoyer de l’argent.

Etap 2 : Kreye benefisyè a (benefisyè a se moun kap resevwa transfè a)

  • Nan opsyon Compte de l’expéditeur, chwazi kont ou vle itilize pou fè transfè a.
  • Nan opsyon J’envoie de l’argent à, chwazi :
    • Existant (si benefisyè a egziste deja). Chwazi benefisyè a nan lis benefisyè yo. Apre, wap pase nan etap 3.
  • Nouveau (pou kreye yon nouvo benefisyè)
Capture d'écran montrant les étapes pour l'envoi d'un transfert Western Union à partir de Capital Bank Online

  • Antre tout enfòmasyon bank la mande w sou benefisyè a.
    Atansyon: pa mete anyen nan « Nom paternel » ak « Nom de la mère ». Kite yo vid.
Capture d'écran montrant les étapes pour l'envoi d'un transfert Western Union à partir de Capital Bank Online

Etap 3 : Ranpli enfòmasyon transfè Western Union la

  • Pou opsyon Service de livraison, kenbe opsyon Money in Minutes la, ki vle di lajan an ap disponib touswuit.
  • Apre sa, antre kantite lajan ou vle voye a nan Montant à envoyer.
  • Lè w fin antre enfòmasyon a, klike sou Soumettre pou ka verifye frè ki asosye ak transfè a. Detay sa yo ap parèt otomatikman.
  • Klike ankò sou bouton Soumettre pou kontinye.
  • Si transfè a enferyè a 110,000 goud oswa 1,000.00 USD wap pase nan etap 5 la.
  • Si transfè a egal oswa siperyè a 110,000.00 goud oswa 1,000.00 USD, wap kontinye otomatikman ak etap 4 la.

Capture d'écran montrant les étapes pour l'envoi d'un transfert Western Union à partir de Capital Bank Online

Etap 4 : Antre enfòmasyon adisyonèl pou transfè ki depase oswa egal ak 110,000 Goud oswa 1,000.00 USD

Si transfè a egal oswa depase 110,000.00 goud oswa 1,000.00 USD, wap oblije mete dat emisyon pyès idantite benefisyè a nan ID Date d’émission.
Klike sou Soumettre.

Capture d'écran montrant les étapes pour l'envoi d'un transfert Western Union à partir de Capital Bank Online
  • Ranpli seksyon D nan Formulaire de Déclaration de Transactions a.
  • Si moun kap resevwa transfè a pa benefisyè a, fòw ranpli seksyon E a tou.
  • Valide fòm la.
Capture d'écran montrant les étapes pour l'envoi d'un transfert Western Union à partir de Capital Bank Online

Etap 5 : Konfime epi valide transfè Western Union la

Yon lòt ekran ap parèt ak tout detay transfè Western Union la. Reli enfòmasyon w yo ak anpil atansyon pou asire w ke yo kòrèk anvan ou konfime tranzaksyon an. Si gen chanjman ou vle fè, klike sou Revenir. Si ou dakò ak enfòmasyon yo, tcheke kaz ki di ou aksepte tèm ak kondisyon yo.
Klike sou Soumettre. Validasyon an fèt ak yon kòd OTP. Sistèm la ap mande w si ou vle resevwa kòd sa a pa imèl oswa SMS. Chwazi sak bon pou ou a. Mete kòd sa a e klike sou Vérifier OTP pou finalize tranzaksyon w lan.

Sonje pataje enfòmasyon transfè a ak benefisyè a.

7 avril 2025