Capital Bank SA / Éducation Financière & Actualités / Vie quotidienne / Peye san cash ? Li posib e li pratik.

Peye san cash ? Li posib e li pratik.

Peye lwaye w, entènèt ou, lekòl pitit ou, konsiltasyon doktè ak anpil lòt bagay ankò sanw pa bezwen manyen yon biyè lajan e sanw pa deplase. Wi li posib ak solisyon sa a yo.

Dekouvri solisyon peman san cash :

1. Transfè ant 2 kont ki nan Capital Bank

Tout transfè ki sòti sou yon kont ki nan Capital Bank pou rive sou yon lòt kont ki nan Capital Bank fèt rapid e kòb la disponib menm moman an, kit li fèt an liy oswa nan sikisal.


2. SPIH

SPIH (peman ant bank lokal yo) an tout sekirite, an liy oswa nan sikisal.


3. Kat kredi Capital Carte

Pwofite fasilite kat kredi a pou achte an Ayiti oswa aletranje. Peye kat ou sanw pa deplase sou Capital Bank Online depi kont labank ou nan Capital Bank.


4. Kat prepeye Capital Carte

Kontwole depans ou e rechaje kat prepeye w la selon bezwen w sanw pa deplase sou Capital Bank Online depi kont labank ou nan Capital Bank.


5. Chèk

Peye makèt ou, doktè ak lòt depans ak mwayen peman sa a ke anpil komèsan aksepte an Ayiti.


6. Transfè Western Union

Voye lajan rapid rapid pou fanmi w an Ayiti ak lòtbòdlo.
An Ayiti, li posib pou resevwa transfè paw la nan tout biwo Capital Transfert. Ou ka voye transfè Western Union aletranje tou apati Capital Bank Online.


7. Transfè entènasyonal

Li fasil pou w transfere kòb sòti nan yon bank lokal rive nan yon bank ki nan yon lòt peyi, nan tout deviz e an tout sekirite.


8. Chèk Direksyon

Senplifye peman w yo ak chèk direksyon a ki bay moun kap resevwal la asirans ke lajanl chita la ap tann li.


9. Chèque sou letranje

Pwofite de fasilite opsyon peman sa a ki fèt an dola ameriken pou peye yon angajman oswa voye kòb sou kont ou ozetazini.

Expédiez vos transferts Western Union via Capital Bank Online
En savoir plus
12 juin 2024